Imigran yo enpòtan pou fabrik sosyo ekonomik Ameriken an. Lè a rive pou nou rekonèt ak sipòte travayè sila yo k’ap ede nou pou’n reponn pi byen fas avèk pandemi an ansanm ak tout bezwen nou genyen pou moman sa a.
13.2 milyon imigran nan Etazini se travayè enpòtan, 5 milyon ladan yo nan moman sa se moun ki san papye:
28.7% nan moun k’ap travay nan manje yo se imigran
27.6% travayè agrikilti yo se imigran
24.8% travayè famasi ak travayè nan domèn lasante yo se imigran
16.5% nan tout travayè k’ap bay swen yo se imigran
Fanmi imigran yo te vrape fò nan moman tout moun t’ap pèdi travay sa akoz de Covid-19 la:
Anpil ladan yo pa menm gen aksè a konge peye
Anpil ladan yo pa kalifye pou resevwa benefis pou moun ki p’ap travay
Anpil ladan yo pa fè pati de pwogram soulajman gouvènman an genyen yo
Vin jwenn mouvman nou an pou w’ ka afime ke kominote nou yo enpòtan – san eksepsyon! Nou ka fè yon aksyon lè w :
Petisyon
Nou rekonèt valè imigran yo antanke travayè enpòtan pote nan kominote nou yo, epi nou mande pou yo anndan repons imigrasyon an nan pwogram Covid la.
Vini yon manb FLIC
Nou toujou gen viktwa lè nou mete tèt nou ansanm. Kowalisyon nou an ap travay pou li asire li ke n’ap bati anpil kominote ki pi solid toujou, kominote sila yo kote chak grenn moun gen libète pou li viv, pou li renmen, ak pou li travay san laperèz.
Leve kominote nou yo
Nou angaje nou pou nou goumen kont move enfòmasyon, santiman perèz pou sitwayen etranje a, ak santiman rayisab. N’ap leve vwa kominote nou an nan tout sans ak nan entegrite. Swiv nou sou medya sosyal yo epi ede nou pataje enfòmasyon ki bon e ki vrè!
Vin Jwenn Mouvman Enpòtan Nou An
N’ap Prezante Nou Travayè Enpòtan Florida Yo
Sipòte yon Fanmi Enpòtan Jodya
Pwogram “Essential but Excluded Fund” FLIC la se yon tantativ pou diminye soufrans pandan n’ap kontinye travay nou pou transfòme nivo inegalite a. Avèk sipò kominote nou an te ba nou ak tout kè yo a, nou te asire asistans ijans pou 480 fanmi enpòtan. Avèk sipò pa w’ la, nou ka ede 500 anplis! Ba nou èd ou a jodya.
Kanpay sa Dirije par

ansanm ak sipò lòt manb òganizasyon yo









